Tèks nou pral li a reflete opinyon ki anrasine nan tradisyon oral anpil ansyen Lakou nan Latibonit, nan Nò ak Lwès, se pawòl kèk ansyen inisye, sèvitè, houngan…Se konsa yo konprann Bwa Kayiman, se vizyon yo sou sa bwa Kayiman dwe reprezante pou nou menm. Nou mèt li’l san prejije, eseye konprann mesaj ki andedan l lan sitou nan moman nap viv yonn nan pi gwo kriz ekzistansyèl peyi nou an. Se nan moman dekonpozisyon sa a menm tip mesaj sa yo dwe entèpele n. Moman yo te fè Bwa Kayiman te difisil anpil, ou kwè n ka imajine…
Lan Mitan Lannwit , bann yo sòti toupatou yo fòme yon gran sèk toutotou gwo akasya a. Tout chèf bann yo te la ak Boukman, Byasou, Janfranswa ak Don Pedro te avèk yo. An de tan twa mouvman 6 gangan ak yon manbo ki gen laj rantre nan mitan sèk la, yo chak te genyen nan men yo yon kwi plen dlo yo mete’l anba Pyebwa a. Chef bann pi fò nanchon yo, sa k te genyen plis mounn yo nan zile a, vinn lave men yo anvan yo vinn salouwe gangan yo. Apre sa inisye gangan yo fè menm jès la. Epi , manbo a pran yon potich dlo li vide 3 kou anba bwa akasya a ak 2 lòt pye bwa ki te akoste’l ki fè yo te fè yon triyang. Epi apre sa li bay Boukman lapawòl, li esplike pouki rezon rankont lan e ki objektif seremoni an.
Lè Boukman finn pale , manbo a ak 6 gangan yo ale nan yon kannari ki plen dlo. Li esplike kannari a senbolize kreyasyon mond lan. Men yon jou kannari a kase e depi lè a bagay yo pran yon lòt fòm. Li di kannari a se senbòl amoni ki te la anvan an. E lè li kraze , rapò ki te la anvan yo pral transfòme pou rive nan yon lòt moman. E se pou sa jisteman kote k genyen ginen genyen Kannari ak dlo .
Li pran dlo nan kannari a ak yon kalbas li jete dlo 7 fwa pandan l’ap tounen tou otou 3 pye bwa yo li fòme yon sèk. Li pran dlo yon dezyèm epi yon twazyèm fwa li fè menm bagay la, se konsa li fè twa sèk depi yon pi piti pou yon pi gwo.
Li kanpe ant 3 pye bwa yo , li envite 2 gangan Rada ak Dawonmen voye yon chante pou Papa Legba ak inisye pa yo. Li te fè sa pou 2 rezon , premye rezon an lye ak istwa rit esklav yo nan Sendomeng. Premye selebrasyon rityèl esklav yo te fè Lavilokan te pou Papa Legba. Dezyèm rezon an genyen pou wè a k enpotans papa Legba nan mitoloji ak panteyon 2 nanchon yo Rada ak Dawome. Legba senbolize divinite rekonsilyasyon, gadyen limit sakre. Epi legba louvri pòt sakre a li jwe wòl chef pwotokòl ant divinite yo. Se pou sa yo voye 7 chante Legba pou envite’l vinn fè menm bagay la pou divinite tout lòt nanchon yo 7 gangan yo te reprezante. Apre sa gangan yo ak inisye yo onore divinite pa yo pandan yap vire toutotou 3 pye bwa yo, yo te fè sa nan respekte lòd kronoloji manbo a te bay la. Koronoloji sa pran an konsideration espesifisite kiltirèl mistè yo ak moun yo, menmman pareyman pou afinite ant diferan nanchon yo. Kongo yo te pase anvan Anmin yo , apre Nago yo, Rada yo , Dawome, Don Pedro epi Gede yo.
Se moman sakrifis la ki te pi gwo etap konsekrasyon ak sanktifikasyon . Yo te chwazi yon kochon ki te bèt Don Pedro yo pi renmen ak Kongo ki konn sakrifye l pou Lenbazawou . Manbo a pwoche kochon an nan mitan 3 gran sèk yo , sèk bann yo te nan periferi a , sèk inisye ak chèf bann yo epi pi piti a sèk 6 gangan yo , nan mitan 3 pye bwa yo . Manbo a bwè yon kout tafya li foulaye kochon an . Ositou gangan Kongo ak Don Pedro voye chante sakrifis pou Lenbazawou , an de tan twa mouvman anpil Lwa monte. Se moman pa mistè yo pou sakralize jan pa yo seremoni a ak sakrifis la. Sa’n tande la a moman trankil ak lòd ki te genyen an te fini, boul zye soti, gwo kri, mouvman vyolan. Mistè monte manbo a li pran yon danma li koupe gòjèt kochon an, yo pran san an nan yon kwi. Yo fè vironn sèk yo pou make ak san bèt la tout patisipan yo.
Mistè ki te prezide seremoni a Lenbazawou, Agawou, Lenglensou te konsakre nan fè seremoni sa a yon antant ant divinite yo , zansèt yo, mò yo, vivan yo pandan plizyè jenerasyon. Apre seremoni Bwa Kayiman an, tout ying yang ki te genyen ant gwoup yo te vole gagè, antant sa a te enpoze yon viv ansanm , tolerans ak youn kore lòt. Nan regwoupe tout regleman ki te nan Sendomeng, seremoni sa a deside antant ant Nago, Dawomen ak Petro, Kongo yo, antant sakrifis la te fè-a te sele alyans rityèl ak relijyon ki te sipoze garanti alyans politik ak militè.
Nan règleman vodou a , sakre a bay seremoni a yon pouvwa koyezyon , yon okazyon pou bann yo ale pi lwen pase sa yap regle chak jou. E nan sans sa a seremoni Bwa Kayiman an te tounen yon rit transfòme aksyon dividi pou l tounen kolektif , lè fini li kore rekonkèt ekilib valè kominotè a ak moun e resantre objektif yo. Pesonaj mitik yo, mistè yo, mò ki te gran inisye, zansèt yo , yo monte nan tèt moun, pou konekte kategori sosyal ki toujou nan kanpe lwen yo e fè yon tèt kole.
Chak gwoup te genyen istwa pa l. Kominote yo tap mete kanpe a adopte kòm règleman antant ki te fèt nan rankont 26 jiye 1791 lan ak sila 14 Dawout 1791 se sa manbo a te garanti nan Bwa Kayiman. Ositou, chak gwoup te ka kenbe espesefisite yo, men lè yo an kontak ak lòt gwoup, yo sipoze travay pou yonn kore lòt.
E nan non yonn kore lòt la echanj ant moun, rit ak valè, règleman vinn pi fò. Konsolidasyon sèten rit pran fôs sou baz règleman ki dominan yo ( kongo, Nago, Rada, Dawome) yo te aksepte Lwa lòt nanchon yo rantre nan règleman pa yo. Don Pedro yo pa ekzanp swa yo rantre yo anba rytyèl ki fèk parèt yo pou kore yo : rit Gede ( premye moun k te abite Abomey nan peyi Benen) pral reyòganize yo ak lwa kreyòl yo ( nou panse endyen yo ). Yo rantre dans kongo lanmò yo. Rit Anmin lan sòti nan Bwa Kwayiman ak yon lòt non « Gad » se mistè Lenbazawou, Agawou, Lenglensou yo toujou mete an triyang selon regleman Bwa Kayiman ; menmjan tankou 3 pye bwa kote yo te fè rityèl la e selon règleman espesifik nanchon gwoup dominan an.
Nan je otorite vodoun yo, seremoni Bwa Kayiman te fonksyone tankou se ta yon woumble, li rete tankou se yon mak tèt kole, antant, amonizasyon, règleman ansyen gwoup yo. Li bay prèv règleman sa yo pa fèmen, yo pa rijid e yo ka mete yo opa san yo pa kraze brize tout sa k te deja la anvan.
E le’n mete nou nan kondisyonman politik moman an, Seremoni Bwa Kayiman se konsekrasyon tèt kole chèf bann mawon ki pat ka antann ditou anvan sa. E konsansis nan nivo rityèl la ak relijye pral li menm bay konsansis politik ak militè. Ositou esklav yo te vinn an konfyans apre antant saa, e se konsa, nan finisman woumble a , esklav yo te gen konviksyon yo pral reprann lit la, sitou yo pa janm bliye represyon san gade dèyè ki fèt sou yo apre revòt 1770 yo. 7 jou apre seremoni Bwa Kayiman , esklav atelye yo reprann rebelyon an, anba lidèchip komandè ki te pi eklere yo, esklav plantasyon yo leve nan tout Nò a depi jou 22 Dawout 1791. Nèg mawon yo ak afranchi yo te fè kowodinasyon l. Nou konnen kolon yo te derefize aplike dekrè 28 mas 1790 la, sa pral pouse afranchi nwa yo ak milat lib yo leve kanpe pou dwa yo, an de tan twa mouvman rebelyon an te gaye nan preske tout bitasyon kote bagay la te deja mangonmen.
Soulèvman sa a pral vinn pi djanm akoz yon bon jan òganizasyon e vale ak senbòl seremoni Bwa Kayiman an pral charye, li pral finalman genyen kòm konsekans lendepandans esklav yo.
O final Lendepandans se yon aboutisman yon pwogresyon ki te fèt paske te gen sèten lidè karismatik ki te mete ansanm yon seri de eleman ki sòti nan tray esklav koloni franse Sendomeng lan nan 18èm sièk la.
- Vivifye kilti orijinèl esklav yo nan kwayans yo ak pratik majiko-relijye yo, sansibilize esklav yo nan montre yo aklè opozisyon ki te genyen ant kilti esklav yo ak systèm esplwatasyon sosio ekonomik ki te nan zile a epitou ak kraze zo yo t’ap sibi a .
- Kanalize revòt yo, leve kanpe yo, rebelyon yo, nan yon òganizasyon sekrè ki chita sou yon yon alyans ant diferan nanchon ak bann esklav ki pat antann yo, pou rive nan solidarite ak yon kore lòt ki te nesesè.
Le Tousen Louveti derape ak esperyans sa yo ak tout anseyman li yo ak konsyans dirijan ak inisye nan sekrè Bwa Kayiman , lè yo arete l anvan l kite zile a pou li ale nan prizon nan peyi Lafrans bò lane 1801 li di: « Le’n arete m nou panse nap kapab kraze pye bwa la libete ki nan kè tout nèg yo, Detwonpe n la’p pouse paske’l byen anrasine. E rasin yo anpil. » Rasin yo pral reparèt vrèman sòti nan pwofondè latè nan kontak ak Lwa yo, se konsa Jeneral Desalin, gran inisye nanchon Nago, reprann flanm lan lè li pwoklame lendepandans peyi a bò lane 1804.
Eddy Lubin.
